Politik sou dwadotè
Warm Health technology, Inc

Siyale Reklamasyon sou Vyolasyon Dwadotè

Nou bay reklamasyon sou vyolasyon dwadotè anpil enpòtans. N ap reponn reklamasyon sou vyolasyon dwadotè nou sispèk ki respekte lwa ki aplikab yo. Si w kwè gen nenpòt enfòmasyon ki aksesib sou Sit la oswa ki soti sou sit la ki pa respekte dwadotè, ou kapab mande pou nou retire enfòmasyon sa yo (oswa pou moun pa gen aksè ak yo) sou sit entènèt la pandan w ap soumèt yon avi bay ajan ki responsab dwadotè ki deziyen anba a.

Selon Lwa sou Limitasyon Responsablite nan Ka Kote gen Vyolasyon nan Dwadotè ki fèt Sou Entènèt (17 U.S.C. § 512) (“DMCA”), avi alekri a (“Avi DMCA”) dwe gen ladan l pwen enpòtan sa yo:

• Siyati ou fè alamen oswa siyati elektwonik ou.

• Idantifikasyon travay ki pwoteje dapre dwadotè ou kwè yo pa t respekte a oswa, si reklamasyon an konsène plizyè travay ki sou Sit Entènèt la, yon lis ki reprezante travay sa yo.

• Idantifikasyon enfòmasyon ou panse ki pa respekte dwadotè a yon fason ki ase egzak pou pèmèt nou lokalize enfòmasyon sa yo.

• Enfòmasyon kòrèk ki kapab pèmèt nou kontakte w (san wete, non w, adrès postal, nimewo telefòn, epi, si li disponib adrès imèl ou).

• Yon deklarasyon ki fè konnen ou panse ak tout bon volonte w moun ki se pwopriyetè dwadotè a, ajan an, oswa lwa a pa bay otorizasyon pou itilize enfòmasyon ki gen pwoteksyon dwadotè a.

• Yon deklarasyon ki fè konnen enfòmasyon ki ekri nan avi a egzak.

• Yon deklarasyon, sou pèn fo temwanyaj, ki fè konnen ou gen otorizasyon pou aji nan non pwopriyetè dwadotè a.

Ajan dwadotè nou deziyen pou resevwa Avi DMCA yo se:

Warm Health Technology, Inc
722 Preston Ave, Ste 108
Charlottesville, VA 22903

support@wht.care

Ou ka voye yon imèl pou fè nou konnen ka vyolasyon dwadotè ou sispèk la, sèl kondisyon pou fè sa se pou mesaj ki nan imèl la reponn ak nòm nou endike anwo a, dapre 17 U.S.C. § 512(c)(3): support@wht.care POU: Helen Boyd RE: DMCA Takedown.

Si ou pa respekte tout egzijans ki nan Seksyon 512(c)(3) ki nan DMCA a, Avi DMCA a ka pa efikas.

Depi nou resevwa yon avi ki kòrèk sou vyolasyon dwadotè nou sispèk, n ap retire oswa dezaktive aksè ak enfòmasyon ki idantifye nan avi a, epi n ap voye yon avi alekri bay moun nou sispèk ki fè vyolasyon an, epi n ap fè efò rezonab pou avèti moun nou sispèk ki fè vyolasyon an nou retire oswa dezaktive enfòmasyon ki konsène a.

Ou dwe konnen si w fè ak pwòp volonte w yon fo deklarasyon ki fè konnen gen enfòmasyon oswa aktivite sou Sit Entènèt la ki fè vyolasyon dwadotè, ou ka responsab pou domaj yo (san wete, depans pou frè avoka) nan kad Seksyon 512(f) ki nan DMCA.

Moun ki ap Refè Vyolasyon

Nan sikonstans ki apwopriye se politik nou pou nou dezaktive epi/oswa kanpe kont itilizatè ki ap pede refè vyolasyon yo.