Tèm ak Kondisyon Ann Pale Ansanm

Dènye Mizajou: 17 mas 2022

Sof si nou endike lòt bagay, Tèm ak Kondisyon sa yo (“Tèm yo”) aplike ak itilizasyon epi/oswa aksè ou genyen sou sit entènèt Ann Pale Ansanm la epi/oswa lòt sit entènèt ak aplikasyon mobil (“Platfòm”) Warm Health Technology, Inc. (Yon fason kolektif, “Ann Pale Ansanm”, "nou," oswa "nou an") se pwopriyetè oswa ap fè fonksyone, san wete nenpòt pati nan pwen sa yo, san wete sa ki aksesib pou manm yo sèlman. Epitou, nou kapab bay sou Platfòm lan lòt tèm ak kondisyon anplis sou fason w ap itilize Platfòm lan.

Tanpri pran san w pou li Tèm sa yo anvan w kòmanse itilize Platfòm lan. LÈ W ANTRE, LÈ W GEN AKSÈ, LÈ W NAVIGE, LÈ W SOUMÈT ENFÒMASYON, OSWA LÈ W ITILIZE PLATFÒM LAN AK KONTNI KI DISPONIB SOU LI YO NAN YON LÒT FASON, OU REKONÈT EPI W AKSEPTE TÈM AK POLITIK KONFIDANSYALITE NOU AN [Politik Konfidansyalite WHT].

Ou dwe konnen gen mizajou ki fèt nan Tèm sa yo detanzantan, epi nenpòt itilizatè (nou defini anba a) ki kontinye fè nenpòt itilizasyon sou Platfòm nan aprè nou fin fè mizajou nan tèm sa yo, nou konsidere ou aksepte mizajou sa yo. Pou nou fè sa klè, tout mizajou yo rantre an vigè tousuit nou pibliye yo. Se responsabilite w pou verifye Tèm yo detanzantan pou gade si pa gen mizajou.

1. Deskripsyon Platfòm ak Sèvis yo

a. Deskripsyon Jeneral; Limit responsabilite.  Ann Pale Ansanm se yon pwogram angajman nan swen ki santre sou klinik, epi ki itilize yon aplikasyon sou telefòn entelijan ki pèsonalize avèk yon rezo sosyal prive ki entegre pou ede moun ki gen VIH/SIDA (PLWH), epi nan kèk ka, moun ki gen lòt maladi, atenn objektif yo nan kesyon swen, tankou amelyore prezans yo nan vizit klinik yo, epi fè pwomosyon pou pi bon rezilta pèsonèl nan sante. Platfòm nan bay zouti pou siveye pwòp tèt ou, kowòdinasyon swen, resous edikatif, ak yon gwoup kominote konfidansyèl pou kliyan pwogram nan (yon “itilizatè”). Objektif Ann Pale Ansanm se pou ranfòse konpetans yo epi fasilite transmisyon bezwen ak preferans pou pèsonèl klinik ki apwopriye. Pwofesyonèl swen sante yo travay ansanm pou kenbe itilizatè yo enfòme, epi pou asire yo jwenn referans ak tranzisyon ki efikas.

b. Konsèy Medikal. PLATFÒM NAN PA LA OSWA LI PA APWOPRIYE POU ITILIZE NAN KA IJANS. SI W PANSE OU GEN YON IJANS MEDIKAL, OSWA NAN NENPÒT MOMAN OU GEN ENKYETID KONSÈNAN SANTE W, RELE 911 OSWA ALE NAN SAL IJANS KI PI PRE W LA. Si w gen lide suisid, rele 1-800-273-TALK (8255) pou w pale avèk yon konseye ki gen konpetans pou sa a nan sant kriz ki nan zòn ou an nenpòt kilè (Liy Nasyonal pou Prevansyon Swisid). Si w p ap viv Etazini, rele liy ijans pou zòn ou an tousuit.

Nou konseye w pou w toujou mande yon doktè oswa yon lòt pwofesyonèl swen sante ki kalifye konsèy pou nenpòt kesyon ki gen rapò ak sante oswa pwoblèm medikal yo. Pa janm neglije, evite, oswa mize nan chèche konsèy medikal nan men doktè w oswa lòt pwofesyonèl swen sante poutèt yon bagay ou li sou Platfòm nan.  Ann Pale Ansanm se pa yon pwogram kote yo fè dyagnostik klinik, rekòmandasyon tretman, oswa bay tretman.

KONTNI KI SOU PLATFÒM NAN SE PA KONSÈY MEDIKAL EPI NOU PA DWE KONSIDERE YO TANKOU KONSÈY MEDIKAL OSWA TANKOU YO RANPLASE YON KONSÈY, DYAGNOSTIK, OSWA TRETMAN MEDIKAL POU YON MOUN. OU DWE TOUJOU PALE AVÈK PWOFESYONÈL MEDIKAL OU AN POU DYAGNOSTIK AK TRETMAN, SAN WETE ENFÒMASYON KONSÈNAN KI TRETMAN KI KA PI APWOPRIYE POU OU. NOU PA DEKLARE NI NOU PA BAY GARANTI NENPÒT TRETMAN PATIKILYE OSWA LÒT ENFÒMASYON SOU PLATFÒM NAN EGZAK OSWA SAN DANJE, APWOPRIYE, OSWA EFIKAS POU OU.

c. Fason pou Itilize l Chak Jou; Kredi pou Itilizasyon Platfòm lan. W ap resevwa twa (3) mesaj verifikasyon atravè Platfòm nan chak jou, tankou: “Èske ou pran medikaman w deja?”; “Ki nivo estrès ou gen kounye a?”; “Kòman ou santi w?” Epitou, w ap resevwa kesyonè chak semèn sou kilti popilè, sante jeneral, oswa sou fason w viv avèk VIH/SIDA. N ap afiche randevou yo otomatikman sou Platfòm lan. Si w panse nou pa mete yon randevou, tanpri kontakte yon manm pèsonèl la pou w jwenn èd, oswa ajoute randevou a alamen. Lè w respekte fason pou w itilize l chak jou li ka pèmèt ou genyen kèk kredi. Fòm kredi a varye selon disponiblite, politik Founisè  Ann Pale Ansanm ou a, ak lòt faktè. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kredi ki disponib pou ou, kontakte Founisè  Ann Pale Ansanm ou a. Pou w reponn ak pi piti egzijans lan, ou dwe reponn ak kèk kantite mesaj verifikasyon nou voye chak semèn (gade nan Akò pou Pwogram ak Sèvis ou an). Lè w reponn kesyonè chak semèn nan l ap konte nan kantite angajman minimòn ki obligatwa a. W ap resevwa kredi a atravè yon kòd echanj nou voye nan yon mesajri prive ki sou Platfòm lan, atravè yon depo dirèk sou kont ou an, oswa atravè yon lòt mwayen founisè  Ann Pale Ansanm ou a detèmine. Pa gen okenn itilizatè k ap resevwa lajan kach, chèk, oswa lòt kalite peman. Se responsabilite w pou suiv tout etap pou aplike pou nenpòt kredi telefòn. Si w chanje nimewo telefòn oswa founisè sèvis, ou dwe avèti Founisè Ann Pale Ansanm ou a pou li fè mizajou nan enfòmasyon yo. Nou pa responsab si gen kredi ki pèdi, ki mal itilize, ki pa reklame, oswa ki pa itilize.

d. Gwoup Kominote. Gwoup Kominote a se yon espas kote manm yo kapab pataje enfòmasyon san non yo pa parèt, san wete pibliye kòmantè oswa poze lòt itilizatè yo kesyon. Tanpri respekte konfidansyalite ki gen nan lòt piblikasyon ki sou Gwoup kominote a. Nan ka kote ou pibliye enfòmasyon pèsonèl ki idantifye w, nou pa kapab ba w garanti n ap retire kontni a tousuit, epi ou konprann lòt itilizatè yo kapab wè Enfòmasyon Pèsonèl sa yo (nou defini anba a). Nou ka retire selon sa nou deside, piblikasyon ki pa apwopriye, enfòmasyon ki idantifye w yon fason pèsonèl, betiz, oswa menas. Tanpri gade nan Seksyon 2(a) anba a avèk kondisyon espesifik pou Konduit ak Konpòtman ki gen rapò ak Gwoup Kominote a. Tanpri remake gen kèk pwofesyonèl swen sante ki p ap gen aksè ak piblikasyon ki sou Gwoup Kominote a; epi Gwoup Kominote a se pa yon fason pou ou kominike avèk pwofesyonèl swen sante yo.

2. Fason pou Gen Aksè epi Itilize Platfòm lan

a. Anrejistreman ak Sekirite. Gen aksè ak kèk pati nan Platfòm lan ki limite ak itilizatè ki anrejistre yo. Nan kad pwosesis anrejistreman nou an, ou dwe ba nou kèk enfòmasyon. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou verifye idantite w, epi pou pèmèt ou itilize tout sèvis nou ofri atravè Platfòm lan. Anplis, nou ka mande w pou bay enfòmasyon pèsonèl ki idantifye w (“Enfòmasyon Pèsonèl”), nou pral kenbe epi itilize yo jan nou dekri l nan Tèm ak Politik Konfidansyalite nou an. Si w pa respekte Tèm sa yo nenpòt kilè, nou rezève nou dwa pou sispann, anile, oswa kanpe modpas ou an, kont itilizatè, epi/oswa itilizasyon ak aksè sou Platfòm nan (oswa nenpòt kote sou li). Enfòmasyon pèsonèl yo gen ladan l kèk enfòmasyon medikal (pa egzanp, rezilta laboratwa pou CD4 ak chaj viral VIH) ki disponib atravè Platfòm nan epi ki rantre nan kad Politik Konfidansyalite a [Politik Konfidansyalite WHT].

Ou aksepte, deklare, jistifye ak garanti tout Enfòmasyon Pèsonèl ou bay yo vrè, egzak, konplè, ajou, epi se sèlman pou ou yo ye. Ou pa gen dwa vòlè idantite, imite, oswa fè tèt ou pase pou yon lòt moun lè w ap anrejistre.

b. Kont yo. Pou w kapab itilize Platfòm nan, ou dwe gen yon kont ki anrejistre (“Kont”). Ou dwe gen omwen dizuit (18) lane pou w ouvè epi kenbe yon Kont. Ou dwe gen yon non itilizatè, modpas, ak lòt enfòmasyon ki egzak ak konplè lè w ap kreye yon Kont. Toujou kontinye fè mizajou nan enfòmasyon ou yo. Se ou menm sèlman ki responsab kont ou an ak nenpòt aktivite ki fèt sou Kont ou an. Se ou menm sèlman ki responsab sekirite Kont ou an, san wete men li pa limite ak, kenbe aksè ak Kont ou an sekirize, evite pou moun pa chèche lòt mwayen pou gen aksè ak kont ou an, siyale nenpòt vyolasyon ki fèt sou Kont ou an, ak nenpòt lòt mezi sekirite ki aplikab.

c. Sekirite Kont lan. Se ou menm sèlman ki responsab kont ou an ak nenpòt aktivite ki fèt sou Kont ou an, epi pou kenbe konfidansyalite ak sekirite enfòmasyon ki sou Kont ou an, san wete modpas yo. Ou dakò pou pa janm itilize kont yon lòt itilizatè pou nenpòt rezon san itilizatè a pa ou otorizasyon l alekri alavans. Ou pa kapab transfere oswa bay yon lòt moun itilize Kont ou an. Yon itilizatè yo te bay, oswa ki te bay pandan anrejistreman an, yon non itilizatè, yon modpas oswa nenpòt lòt enfòmasyon nan kad pwosedi sekirite sou Platfòm nan, dwe trete enfòmasyon sa yo yon fason konfidansyèl, epi itilizatè a pa dwe divilge yo bay okenn lòt moun oswa antite. Ou dakò pou w pa pataje modpas ou an bay okenn twazyèm pati. Se ou menm sèlman k ap responsab nenpòt aktivite oswa aksyon ki fèt sou Kont ou an, menm si se ou menm ki otorize oswa ou pa t otorize aktivite oswa aksyon sa yo. Ou rekonèt Kont ou an se yon bagay pèsonèl, epi ou dakò nan moman sa a pou w pa bay okenn lòt moun ki gen aksè ak Platfòm nan non itilizatè w, modpas ou, oswa lòt enfòmasyon sekirite ki mande pou w gen aksè ak Kont ou an. Ou dwe enfòme nou tousuit si w konnen oswa si w sispèk nenpòt moun ki pa otorize ap itilize modpas oswa kont ou an (pa egzanp, ou te pèdi oswa yo te vòlè modpas ou an, gen yon moun k ap eseye itilize Platfòm nan atravè Kont ou an san w pa bay konsantman w, oswa gen yon moun ki gen aksè ak Kont ou an san w pa bay otorizasyon w). Nou rekòmande pou w pa itilize oswa pou w pa rantre sou Platfòm nan sou okenn òdinatè piblik. Epitou, nou rekòmande pou w pa konsève modpas ou an atravè sit entènèt ou an oswa lòt lojisyèl

d. Limit Jeneral sou Itilizasyon an. Ou ka itilize epi gen aksè ak Platfòm nan sèlman pou objektif legal. Ou aksepte pou konfòme w ak tout lwa, trete, règleman lokal, ki nan eta a, nasyonal ak etranje ki aplikab, epi ki gen rapò ak itilizasyon Platfòm nan ak kontni ki sou li yo. Anplis, san li pa limite, ou dakò pou w pa fè okenn nan pwen sa yo lè w ap itilize, oswa lè w gen aksè ak Platfòm nan:

i. itilize Platfòm nan pou rasanble, estoke, oswa distribiye enfòmasyon pèsonèl sou lòt itilizatè yo san yo pa bay otorizasyon yon fason ki klè;

ii. ajoute oswa itilize ak pwòp volonte w nenpòt enfòmasyon ki pa vre oswa ki pa egzak nan nenpòt pwofil;

iii. pase sou kote, dezaktive, oswa deranje nan nenpòt lòt fason fonksyonalite ki gen rapò ak sekirite Platfòm nan, oswa fonksyonalite ki anpeche oswa limite itilizasyon oswa kopi nenpòt kontni;

iv. eseye fè ankèt, eskane, oswa teste vilnerabilite nenpòt sistèm oswa rezo n ap itilize pou fonksyone, oswa fè vyolasyon oswa degrade, oswa pase sou kote nenpòt mezi sekirite oswa otantifikasyon k ap pwoteje Platfòm nan;

v. atake Platfòm nan atravè yon atak ki fèt sou baz deni sèvis oswa yon atak sou baz deni sèvis ki distribiye, oswa lòt tantativ ki anpeche Platfòm nan fonksyone byen;

vi. transmèt oswa ajoute nenpòt materyèl sou Platfòm nan ki gen viris, cheval twa, vè, bonb retademan, oswa nenpòt lòt pwogram danjere oswa ki kapab deteryore l;

vii. eseye dechifre, dekonpile, demonte, enjenyeri envèse, oswa lòt tantativ pou dekouvri oswa detèmine kòd sous sou nenpòt lojisyèl oswa nenpòt algorit pwopriyetè nou itilize pou ofri Platfòm nan;

viii. itilize Platfòm nan nenpòt fason pou fè konpetisyon avèk nou; oswa

ix. ankouraje, kolabore, oswa bay nenpòt lòt moun oswa antite enstriksyon pou fè nenpòt bagay nou site anwo a.

LI ENTÈDI POU FÈ NENPÒT AKSYON NOU SITE ANWO A, OSWA POU DERANJE FONKSYÒNMAN PLATFÒM NAN, LI KA KONSIDERE TANKOU VYOLASYON DWA SIVIL AK PENAL LA. SI GEN YON AKSYON KONSA KI FÈT, NOU REZÈVE NOU DWA, ANPLIS LÒT REKOU NOU GENYEN, POU MANDE DOMAJ AK ENTERÈ (SAN WETE, MEN LI PA LIMITE AK FRÈ POU AVOKA) POU NENPÒT MOUN OSWA ANTITE KI ENPLIKE NAN TOUT LIMIT LALWA PÈMÈT LI.

e. Atitid ak Konpòtman. Se sèlman ou menm ki responsab aktivite ou an pandan w ap itilize Platfòm nan. Kòm kondisyon pou w itilize Platfòm nan, ou deklare epi w bay garanti ou p ap itilize Platfòm lan pou fè okenn bagay ki pa respekte lalwa, ki ilegal oswa ki entèdi selon Tèm sa yo. Ou aksepte pou respekte tout règleman oswa règ federal, ki nan eta a, oswa lokal ki aplikab (san wete, san li pa limite ak tout lwa konsènan ekspòtasyon done oswa lojisyèl ki ap vini oswa k ap soti nan Etazini oswa lòt peyi, ak tout lwa sou konfidansyalite ki aplikab nan eta a). Ou aksepte pou kenbe yon bon atitid pandan tout entèraksyon ou genyen avèk lòt itilizatè Platfòm nan. Ou aksepte pou kenbe yon rapò ki gen jantiyès ak pwofesyonèl avèk lòt itilizatè yo, san wete men li pa limite ak, evite di betiz, fè maledve, joure, itilize mo oswa aksyon ki pou fè eskandal, oswa lòt konpòtman ki pa apwopriye, pandan w ap itilize Platfòm lan. Epitou, ou aksepte pou w pa fè okenn nan pwen sa yo:

i. eseye revann, lwe, bay fakti, distribiye, transfere, oswa pataje nenpòt nan dwa ou resevwa dapre pwen sa yo;

ii. itilize, chwazi, oswa seleksyone non itilizatè yon lòt pati nan entansyon pou vòlè idantite l, oswa pou twonpe nou oswa pou twonpe nenpòt lòt pati, oswa pou w kapab genyen yon konpòtman ki pou fè fwod;

iii. itilize, chwazi, oswa seleksyone nan yon lòt fason non itilizatè ki soumèt ak dwa yon lòt pati, san lòt pati a pa bay otorizasyon l yon fason ki klè;

iv. itilize oswa ajoute nenpòt tèm, non itilizatè, oswa kontni ki vilgè, ki kapab choke, ki gen imaj ki kapab deranje, oswa choke lòt moun nan lòt fason, selon sa nou detèmine.

f. Kontni ki Soti nan Men Itilizatè a. Platfòm la pèmèt nou ajoute imaj. Pandan pwosesis kote n ap pran foto a, imaj la p ap konsève sou yon aparèy, n ap sèlman konsève l sou Platfòm nan. Pou asire nou benefisyè a resevwa kontni ou telechaje a, tanpri asire w ou pataje imaj oswa dokiman an, epi ou enfòme benefisyè a sou kontni ou telechaje a.

Anplis, chak fwa ou itilize yon fonksyonalite sou Platfòm nou an ki pèmèt ou antre oswa ajoute nenpòt kontni sou Platfòm nou an, oswa pou fè kontak avèk lòt itilizatè ki sou Platfòm nou an, tankou sou Gwoup Kominote a, ou aksepte pou w pa ajoute, pibliye, voye imèl, oswa transmèt nenpòt lòt bagay sa yo:

i. kontni oswa materyèl ki danjere, ki kapab pran dife, ki menase moun, ki fè diskriminasyon, ki abizif, ki pou fè tizonnay, ki kapab choke, ki deranje moun, ki vilgè, ki gen imaj ki kapab deranje, ki vyolan, ki rayisab, oswa ki kapab deranje moun nan yon lòt fason, oswa materyèl ki fèt pou annuiye oswa ki gen chans pou annuiye, ki dezagreyab, ki anbarase moun, oswa ki kreye enkyetid ki pa itil;

ii. materyèl konfidansyèl oswa pwopriyetè materyèl lan, epi ou konprann n ap konsidere tout kontni ou ajoute sou Platfòm nan pa konfidansyèl epi ou pa pwopriyetè materyèl la, epi nou nou gen dwa pou itilize, kopye, distribiye, ak divilge nenpòt nan kontni sa yo pou nenpòt objektif, nan kad Tèm sa yo ak Politik Konfidansyalite nou an;

iii. enfòmasyon pou twonpe moun, ki gen fwod, oswa ki pa byen reprezante, oswa enfòmasyon ou konnen ki fo, ki pa egzak, oswa ki nan yon lòt fason pa bay verite;

iv. kontni ou pa gen dwa legal pou kopye, transmèt, ak afiche (san wete, kontni ki kapab vyole nenpòt obligasyon konfidansyalite oswa fidisyè ou ka genyen pou respekte pa rapò ak kontni an);

v. kontni ki pa respekte dwa sou pwopriyete entèlektyèl oswa ki vyole dwa konfidansyalite nenpòt twazyèm pati (san wete, men li pa limite ak dwadotè, mak, patant, sekrè komèsyal, oswa lòt dwa sou pwopriyete entèlektyèl, oswa dwa moral, oswa dwa sou piblisite);

vi. piblisite nou pa t mande oswa ki pa otorize, materyèl pou fè pwomosyon, kourye endezirab, kontni endezirab, chèn lèt, “lavant an piramid,” oswa nenpòt lòt fòm demann, ansanm ak viris oswa lòt kòd enfòmatik ki ka deranje, detwi, limite fonksyonalite Platfòm nan, oswa deranje aksè tout lòt itilizatè yo gen sou Platfòm nan;

vii. enfòmasyon sou nenpòt lòt moun ki pa ou menm, sof si ou asire w moun sa a konprann fason nou pral itilize enfòmasyon sa yo selon Politik Konfidansyalite nou an [Politik Konfidansyalite WHT], epi ou gen otorizyon pou bay enfòmasyon yo sou Platfòm nou an nan non yo, epi ou konprann lè w ba nou enfòmasyon sa yo, ou garanti sa a fèt;

viii. nenpòt kontni ki pa respekte nenpòt nan kondisyon ki nan Tèm sa yo.

 LI ENTÈDI POU FÈ NENPÒT AKSYON NOU SITE ANWO A, OSWA POU DERANJE FONKSYÒNMAN PLATFÒM LAN, LI KA KONSIDERE TANKOU VYOLASYON DWA SIVIL AK PENAL LA. SI GEN YON AKSYON KONSA KI FÈT, NOU REZÈVE NOU DWA, ANPLIS LÒT REKOU NOU GENYEN, POU MANDE DOMAJ AK ENTERÈ (SAN WETE, MEN LI PA LIMITE AK FRÈ POU AVOKA) POU NENPÒT MOUN OSWA ANTITE KI ENPLIKE NAN TOUT LIMIT LALWA PÈMÈT LI. NOU PA RESPONSAB POU KONTNI LÒT ITILIZATÈ PIBLIYE KI PA RESPEKTE TÈM NOU YO, EPI NOU REFIZE YON FASON KI KLÈ NENPÒT OBLIGASYON POU KONTWOLE ITILIZASYON PLATFÒM NAN, OSWA POU KONSÈVE KONTNI KI SOU PLATFÒM SA A, SOF SI GEN YON LÒT AKÒ.

3. Pwopriyete Entèlektyèl

Platfòm lan, san wete tout tèks, imaj, desen, grafik, kontni, kòd sous, kòd objè, done, karakteristik, fonksyonalite (san wete, men li pa limite ak tout enfòmasyon, lojisyèl, afichaj, aktivasyon videyo ak odyo, ak desen, seleksyon, ak fason eleman sa yo ranje) se pwopriyete nou, moun ki bay lisans nou an, oswa lòt founisè materyèl sa yo. Nan objektif pou tout bagay parèt klè, nou gen dwa sou konpilasyon, aranjman, ak pou rasanble, epi pou fè nenpòt modifikasyon, varyasyon, mizajou, vèsyon, ak chanjman nan tout enfòmasyon ki antre epi ki konsève nan baz done nou an nan kad Platfòm lan. Yon fason kolektif, se lwa Etazini sou dwadotè ki pwoteje mak, brevè, sekrè komèsyal ak lòt pwopriyete entèlektyèl oswa lwa sou pwopriyete. Tout kontni ki sou Platfòm nan oswa ki asosye avèk Platfòm nan pwoteje nan kad dwadotè, epi selon Lwa sou Dwadotè lane 1976. Ou pa gen otorizasyon pou repibliye, repwodui, transmèt, transfere, prepare vèsyon oswa travay ki fèt apati pa nou an, oswa itilize nenpòt kontni sou Platfòm lan san nou pa bay otorizasyon alekri nou alavans, epi ki fèt yon fason ki klè.

Ou pa genyen epi ou p ap genyen okenn dwa sou pwopriyete entèlektyèl nan Platfòm nan, san wete kontni ki pibliye sou li, paske w ap itilize Platfòm nan. Lè w ap itilize Platfòm nou an, ou ka gen aksè ak dwa sou pwopriyete entèlektyèl nou menm, moun ki ba nou lisans lan, oswa twazyèm pati yo posede oswa gen lisans. Nan objektif pou respekte tèm ak kondisyon ki gen nan Tèm sa yo, nou ba ou yon lisans limite ki pa esklizif, ou pa kapab transfere, epi nou kapab retire l nan men w, san ou pa gen dwa pou gen yon soulisans. Epitou, ou genyen l pou gen aksè epi itilize Platffòm nan ak telechaje, epi enprime nenpòt kontni nou bay, sèlman nan objektif pèsonèl ki pa komèsyal. Eksepte pou itilizasyon limite nou fikse nan fraz anvan an, ou pa kapab kopye, telechaje, repibliye, distribiye, repwodui, pibliye, ajoute, transmèt, transfere, prepare vèsyon oswa travay ki fèt apati pa nou an, oswa itilize nenpòt lòt jan enfòmasyon ki gen sou Platfòm sa a nan nenpòt fòm. Nou pa ba ou okenn lisans oswa dwa poutèt patisipasyon w, oswa yon lòt jan nan kad dwa sou pwopriyete entèlektyèl nou genyen oswa kontwole, oswa moun ki gen lisans nou an, eksepte pou lisans ak dwa nou bay pou yon rezon espesifik nan Tèm sa yo.

Lwa sou Pwoteksyon Moun ki gen Dwadotè (Digital Millennium Copyright Act) (17 U.S.C. § 512); Vyolasyon Dwadotè

Nou dwe voye tout avi pou moun ki pa respekte dwadotè bay ajan ki responsab dwadotè nou site nan Politik sou Dwadotè nou an [Politik WHT DMCA] nan fason ak mwayen ki prevwa pou sa fèt. Nou depoze avi pou Ajan nou Deziyen an nan Biwo pou Dwadotè nan Etazini.

Si w kwè gen Kontribisyon nenpòt itilizatè ki pa respekte dwadotè w, tanpri gade nan Politik Dwadotè nou an pou jwenn enstriksyon sou fason pou voye yon avi sou vyolasyon dwadotè. Nou gen politik pou nou fèmen kont itilizatè ki fè aksyon sa a plizyè fwa.

4. Sekirite

Se ou menm ki responsab pou mete sou pye pwosedi ak mekanis sekirite ki ase pou reponn ak egzijans espesyal nan kesyon pwoteksyon antiviris, epi pou done k ap rantre epi k ap soti yo egzak. Epitou, se ou menm ki pou gen yon mwayen ki deyò epi ki separe ak Platfòm sa a pou rejwenn nenpòt done ki pèdi.

Nou p ap responsab pou nenpòt bagay ki pèdi oswa domaj ki rive akoz yon atak ki fèt sou baz deni sèvis, viris, oswa lòt materyèl teknoloji ki danjere epi ki ka enfekte ekipman òdinatè w, pwogram ki sou òdinatè w, done, oswa lòt materyèl pwopriyete ki rive akoz fason ou itilize Platfòm nan, oswa fason ou telechaje nenpòt materyèl ki pibliye sou li, oswa sou nenpòt sit entènèt yon twazyèm pati ki konekte avèk li.

5. Sit Entènèt Twazyèm Pati ak Rezo Sosyal

Platfòm lan ka gen lyen ak lòt sit entènèt sou Entènèt la, kote se pa nou k ap jere yo, epi nou ofri yo pou yo kapab itil ou sèlman. Lè w soti sou Platfòm lan, ou fè sa pou pwòp risk ou. Lè nou ofri yon lyen sit entènèt pou yon twazyèm pati, nou pa pran responsabilite oswa nou p ap eseye asosye ak yon lòt antite. Nou pa gen kontwòl sou kontni ki sou sit oswa resous sa yo, epi nou pa aksepte okenn responsabilite pou yo, oswa pou nenpòt pèt oswa domaj ki ka rive pandan w ap itilize yo. Si w deside gen aksè sou nenpòt sit entènèt yon twazyèm pati ki konekte ak Platfòm nou an, ou fè sa pou pwòp risk ou epi sou baz tèm ak kondisyon itilizasyon sit entènèt sa yo. OU REKONÈT WARM HEALTH TECHNOLOGY, INC. P AP RESPONSAB POU OKENN DOMAJ OSWA PÈT KI RIVE OSWA NOU SIPOZE KI RIVE, OSWA KI GEN KONEKSYON AVÈK, KONFYANS OU FÈ NENPÒT ENFÒMASYON, NENPÒT BYEN, NENPÒT SÈVIS, OSWA NENPÒT MATERYÈL YON SIT ENTÈNÈT KI SE YON TWAZYÈM PATI OFRI.

Gen kèk jiridiksyon ki pa pèmèt nou retire garanti yo nan fason sa yo, pou rezon sa yo li posib pou eksklizyon sa yo pa aplike ak akò nou genyen avèk ou an. Nan ka sa a, esklizyon yo aplike nan tout limit dwa ki aplikab yo pèmèt nou.

6. Konfyans; Limit Responsabilite; Responsabilite

a. Konfyans nan Enfòmasyon ki Pibliye yo. Nou rezève nou dwa pou modifye Platfòm nan selon sa nou deside san nou pa bay yon avi. Nou p ap responsab, si pou nenpòt rezon, nenpòt pati nan Platfòm nan, oswa tout Platfòm nan, pa disponib pandan yon peryòd tan. Chak peryòd, nou ka limite aksè ak kèk pati Platfòm lan, oswa sou tout Platfòm lan. Nou ka fè modifikasyon sa yo nenpòt kilè epi pou nenpòt rezon san nou pa bay yon avi alavans. Ou asime nenpòt risk ak tout risk pou desizyon ou pran sou baz enfòmasyon ki genyen sou Platfòm nan. Enfòmasyon nou prezante sou Platfòm nan oswa atravè Platfòm nan disponib sèlman nan objektif enfòmasyon jeneral. Nou pa garanti enfòmasyon sa yo egzak, konplè, oswa itil. Konfyans ou fè nenpòt enfòmasyon sa yo, oswa desizyon ou pran pa rapò ak yo, yon fason estrik se pou pwòp risk ou. Nou refize nenpòt ak tout responsabilite ki soti nan nenpòt konfyans ou menm oswa nenpòt lòt itilizatè fè materyèl ki sou Platfòm sa a, oswa nenpòt moun ki ka enfòme sou nenpòt kontni li genyen.

b. NOU PA BAY GARANTI. PLATFÒM LAN, SÈVIS YO, AK TOUT ENFÒMASYON KI SOU LI YO OFRI SOU YON BAZ “JAN LI YE A” SAN NOU PA BAY OKENN GARANTI SOU OKENN FÒM. NAN TOUT LIMIT LALWA PÈMÈT LI, WARM HEALTH TECHNOLOGY, INC., ANSANM AK RESPONSAB, OFISYE, ANPLWAYE, MOUN KI SOU KONTRA, AJAN AK REREZANTAN YO, REJTE NAN MOMAN SA TOUT GARANTI, KI EKSPRIME YON FASON KI KLÈ OSWA KI PA KLÈ, SAN WETE GARANTI SOU KALITE LAVANT AK VYOLASYON DWA TWAZYÈM PATI YO KI PA DWE FÈT, AK GARANTI POU LI ADAPTE AK YON OBJEKTIF ESPESYAL. NOU REJTE TOUT GARANTI MENM SI LI SOTI NAN YON LWA, ESTATI, YON PRATIK KOMÈSYAL, YON ITILIZASYON KOMÈSYAL, OSWA NENPÒT LÒT RELASYON. NOU PA BAY OKENN GARANTI KI DI ENFÒMASYON KI BAY SOU PLATFÒM NAN EGZAK, FYAB, KONPLÈ, GEN KALITE, GEN FONKSYONABILITE, OPÒTINITE, RAPIDITE, OSWA AKSESIBILITE. NOU PA BAY OKENN GARANTI KI DI PLATFÒM NAN AP FONKSYONE, SEKIRIZE, PA GEN ERÈ, OSWA PA GEN VIRIS.

 PLATFÒM NAN, SÈVIS YO, AK KONTNI YO DEVLOPE POU ITILIZE NAN ETAZINI EPI NOU MENM AK MOUN KI BAY LISANS YO AK MOUN KI ASOSYE YO PA FÈ OKENN DEKLARASYON OSWA GARANTI SOU SÈVIS OSWA KONTNI LÈ NOU ITILIZE YO NAN NENPÒT LÒT PEYI.

c. LIMIT SOU RESPONSABILITE. NAN TOUT LIMIT LALWA PÈMÈT LI, NAN MOMAN SA OU LIBERE WARM HEALTH TECHNOLOGY, INC., ANSANM AK RESPONSAB, OFISYE, ANPLWAYE, MOUN KI SOU KONTRA, AJAN AK REREZANTAN YO, POU TOUT RESPONSABILITE KI GEN RAPÒ AK ITILIZASYON PLATFÒM NAN. OU REKONÈT OU RESPONSAB POU NENPÒT AKSYON OU FÈ PANDAN W AP ITILIZE PLATFÒM LAN. OU REKONÈT FASON OU ITILIZE PLATFÒM NAN AK NENPÒT AKSYON KI SOTI NAN FASON OU ITILIZE PLATFÒM LAN SE POU PWÒP RISK OU SÈLMAN.

 NAN OKENN KA WARM HEALTH TECHNOLOGY, INC., ANSANM AK RESPONSAB, OFISYE, ANPLWAYE, MOUN KI SOU KONTRA, AJAN AK REREZANTAN LI YO P AP RESPONSAB POU NENPÒT KALITE DOMAJ, SELON NENPÒT TEYORI LEGAL, OSWA NAN KAD NENPÒT TEYORI EKITAB, KI SOTI NAN FASON OU ITILIZE PLATFÒM LAN, OSWA KI GEN RAPÒ AK FASON OU PA KAPAB ITILIZE PLATFÒM LAN OSWA NENPÒT SIT ENTÈNÈT KI GEN RAPÒ AVÈK LI, NENPÒT KONTNI KI SOU PLATFÒM NAN, SAN WETE NENPÒT DOMAJ DIRÈK, ENDIRÈK, ESPESYAL, AKSIDANTÈL, KONSEKITIF, OSWA DOMAJ PINITIF, SAN WETE MEN LI PA LIMITE AK, BLESI PÈSONÈL, DOULÈ AK SOUFRANS, SOUFRANS EMOSYONÈL, REVNI KI PÈDI, PWOFI KI PÈDI, BIZNIS KI PÈDI, OPÒTINITE KOMÈSYAL KI PÈDI, OSWA EKONOMI ANTISIPE, ITILIZASYON KI PÈDI, FON KOMÈSYAL KI PÈDI, DONE KI PÈDI, EPI MENM SI SE YON DELI KI LAKÒZ LI (SAN WETE NEGLIJANS), YON KONTRA KI KANPE OSWA YON POU LÒT REZON, MENM SI LI TE KAPAB PREVWA. SA KI DI ANVAN AN PA AFEKTE TOUT RESPONSABILITE KI PA KAPAB EKSKLI OSWA KI LIMITE NAN KAD LWA KI APLIKAB YO. SI W PA SATISFÈ AK NENPÒT PATI SOU PLATFÒM LAN, NENPÒT DISPOZISYON KI PRAN NAN TÈM SA YO, OSWA NENPÒT PRATIK OSWA POLITIK NOU GENYEN, SÈL CHWA AK INIK CHWA OU GENYEN SE SISPANN ITILIZE PLATFÒM LAN. SI GEN NENPÒT PATI NAN LIMIT SOU RESPONSABILITE SA A NOU JWENN KI ENVALID, RESPONSABILITE A LIMITE NAN TOUT LIMIT LALWA PÈMÈT LI.

7. Dedomajman

 W ap dedomaje, defann, epi fè yon akò ki retire tout responsabilite Warm Health Technology, Inc., moun ki bay lisans yo ak moun ki asosye yo, ansanm ak responsab, ofisye, anplwaye, moun ki gen kontra, ajan, ak repreprezantan yo, pou nenpòt ak kont tout reklamasyon, koz aksyon, demann, responsabilite, pèt, frè depans (san wete, men li pa limite ak depans ak frè rezonab pou avoka) ki soti oswa ki gen rapò ak nenpòt nan pwen sa yo: fason ou itilize Platfòm lan, san wete kontni li genyen, vyolasyon nenpòt nan dispozisyon ki nan Tèm sa yo, san wete nenpòt aktivite ki gen rapò ak Kont ou an, oswa nenpòt lòt moun ki gen aksè ak Platfòm lan atravè Kont ou an ki se yon vyolasyon Tèm sa yo; oswa vyolasyon dwa nenpòt twazyèm pati, li gen ladan l, men li pa limite, ak nenpòt dwa sou pwopriyete entèlektyèl, piblisite, konfidansyalite, pwopriyete oswa dwa sou konfidansyalite, sof si Platfòm lan vyole dwa yon twazyèm pati.

              Nou rezève nou dwa ak pwòp depans nou, pou defann epi kontwole nenpòt pwen ou soumèt pou dedomajman, nan ka kote w ap kowopere avèk nou pou revandike tout defans ki disponib.

8. Renonsyasyon Pwosè avèk Jiri ak Rekou Kolektif

 NAN MOMAN SA, PATI KI PREZAN YO RENONSE AK YON PWOSÈ DEVAN JIRI NAN KA KOTE GEN LITIJ, POUSUIT, OSWA PWOSEDI DEVAN NENPÒT TRIBINAL, KONSÈNAN, OSWA KI GEN RAPÒ AK TÈM SA YO, OSWA POLITIK KONFIDANSYALITE OSWA VALIDITE, PWOTEKSYON, ENTÈPRETASYON, RASANBLE OSWA APLIKASYON LI, EPI/OSWA SOU FASON PLATFÒM NAN FONKSYONE. ANPLIS, PATI YO DAKÒ NENPÒT LITIJ, POUSUIT, OSWA PWOSEDI AP FÈT SÈLMAN SOU YON BAZ ENDIVIDYÈL EPI LI P AP FÈT NAN YON AKSYON KOLEKTIF, KONSOLIDE OSWA REPREZANTATIF.

9. Avi COPPA

SIT SA A PA FÈT POU ITILIZATÈ KI GEN MWENS PASE (13) LANE. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou respè ak Lwa sou Pwoteksyon Vi Prive Timoun Sou Entènèt (“COPPA”) lè w gade Politik Konfidansyalite nou an [Politik Konfidansyalite WHT].

10. Tèm Anplis

a. Lwa an Vigè ak Tribinal ki Konpetan. Se lwa ki nan Etazini ak nan Eta Virginia (san yo pa gade lwa ki kontwole konfli nan lwa yo) ki entèprete, kontwole, ak aplike Tèm sa yo. Ou aksepte tout aksyon nan tribinal ki konpetan, ki gen rapò nan nenpòt fason ak Tèm sa yo, dwe fèt devan yon tribinal federal oswa devan yon tribinal nan eta a ki nan yon jiridiksyon konpetan ki nan Virginia. Chak pati sou baz kondisyon sa yo renonse ak objeksyon ki baze sou fowòm "non conveniens", epi yo renonse pou nenpòt objeksyon sou kote yo depoze nenpòt aksyon, nan limit kote aksyon an depoze devan tribinal ki idantifye anwo a.

b. Separasyon. Si gen yon tribinal ki konpetan ki deklare nenpòt nan dispozisyon sa yo envalid, dispozisyon sa a p ap efikas nan limit envalidite a sèlman, pou rezon sa rès dispozisyon yo ak tout lòt dispozisyon yo ap kontinye rete an vigè nèt.

c. Renonsyasyon. Nou p ap konsidere okenn renonsyasyon ak nenpòt nan tèm oswa kondisyon nou site yo tankou yon renonsyasyon ki fèt pou pi devan oswa ki kontinye pou tèm oswa kondisyon yo, oswa yon renonsyasyon pou nenpòt lòt tèm oswa kondisyon. Epitou, lè w pa vle fè aplike yon dwa oswa yon disposizyon li pa konstitiye yon renonsyasyon pou dwa oswa dispozisyon sa yo.

d. Tout Akò Nèt. Tèm sa yo, ansanm ak Politik Konfidansyalite a vle di ou konprann tout akò konplè ki siyen ant ou menm ak Warm Health Technology, Inc. LÈ W ITILIZE PLATFÒM LAN, OU REKONÈT OU LI TÈM SA YO, EPI OU AKSEPTE OU LYE AK TOUT TÈM AK KONDISYON KI APLIKAB YO.

11. KONTAKTE NOU

Pou poze kesyon oswa fè kòmantè sou Tèm sa yo, ou ka Kontakte nou nan: support@wht.care

Mo senbòl ak logo PL Cares anrejistre kòm mak depoze Warm Health Technology, Inc nan Etazini.