Politik Konfidansyalite

Entwodiksyon: Kad ak Objektif

Ann Pale Ansanm se yon aplikasyon pou esmatfòn ki gen yon kominote prive k ap bay sipò sosyal sou entènèt pou ede moun k ap viv avèk VIH. Nou fè l nan kad angajman ki santre sou klinik nan yon pwogram swen (“Sèvis”). Nou ofri de (2) fason prensipal pou moun angaje: yon aplikasyon sou esmatfòn (“Aplikasyon”) ak yon pòtay entènèt kote y ap itilize nenpòt navigatè entènèt modèn (yon fason kolektif, nou rele aplikasyon ak pòtay entènèt la “Platfòm”). Nou ofri prensipal eksperyans pou itilizatè Ann Pale Ansanm avèk yon aplikasyon ki disponib sou aparèy Android ak iOS.

Nou devlope Politik Konfidansyalite sa a pou enfòme itilizatè yo (“itilizatè,” “ou menm,” oswa “pa ou an”) sou fason nou kolekte enfòmasyon pandan n ap dirije biznis nou, li gen ladan l ofri w Sèvis ak Platfòm nou an, fason nou itilize enfòmasyon nou kolekte, ak dwa itilizatè a nan respè enfòmasyon nou kolekte yo.

Tanpri li Politik Konfidansyalite sa a ak anpil atansyon. Si ou pa dakò pran angajman atravè Politik Konfidansyalite sa a, alò pa rantre oswa pa itilize Sèvis epi/oswa Platfòm lan. Lè w gen aksè epi/oswa itilize Platfòm lan, ou aksepte, epi w dakò pran angajman atravè Politik Konfidansyalite sa a. Nou ajoute Politik Konfidansyalite sa a nan Tèm ak Kondisyon nou yo [WHT EULA]. Fason ou itilize Sèvis nou yo ak Enfòmasyon (ki defini anba a) ou bay atravè Platfòm lan ap toujou suiv Politik Konfidansyalite sa a.

OU DWE GEN OMWEN DIZUIT (18) LANE POU GEN AKSÈ EPI ITILIZE PLATFÒM AK SÈVIS NOU YO. Si ou gen pi piti pase dizuit (18) lane, ou pa gen otorizasyon pou itilize Platfòm lan oswa nenpòt pati nan Sèvis yo pou okenn rezon. Rezidan California ki gen pi piti pase sèz (16) lane ka gen dwa anplis konsènan enfòmasyon nou ap ranmase ak lavant enfòmasyon pèsonèl yo.

Si ou gen nenpòt kesyon konsènan Politik Konfidansyalite sa a, tanpri kontakte nou nan support@wht.care, oswa atravè sit entènèt nou an - https://wht.care/contact

1. Kalite Kont

Nou gen twa (3) prensipal kalite kont itilizatè: administratè, manm, ak pwofesyonèl swen sante. Chak kalite itilizatè

gen aksè ak diferan done ak fonksyonalite.

• Administratè: Li gen kont ki la pou jere moun k ap kreye kont, modpas ak konfidansyalite, epi k ap kontwole aktivite sou Platfòm la.

• Manm: Manm yo soumèt demann verifikasyon pou kontwòl ki fèt chak jou, li gen ladan l verifye si moun nan pran medikaman, imèl, ak estrès. Si administratè yo pèmèt li, manm yo gen aksè ak yon gwoup diskisyon anonim pou tchat avèk lòt manm yo.

• Pwofesyonèl Swen Sante: Pwofesyonèl Swen Sante yo kapab wè aktivite manm yo, pataje dokiman, epi voye mesaj prive bay nenpòt itilizatè kont k ap itilize Platfòm lan.

2. Enfòmasyon Nou Kolekte

Lè ou itilize Sèvis yo, nou sèvi ak kalite enfòmasyon sa yo: Enfòmasyon Pèsonèl ak Enfòmasyon ki Pa Pèsonèl.

a. Enfòmasyon Pèsonèl

Enfòmasyon pèsonèl vle di nenpòt enfòmasyon ki gen rapò ak yon moun nou idantifye oswa yon moun nou kapab idantifye. Yon moun nou kapab idantifye se yon moun nou kapab konn kiyès li ye, dirèkteman oswa apati lòt moun, espesyalman sou referans kèk bagay ki idantifye l. Lè w anrejistre sou Platfòm lan, nou kolekte enfòmasyon sa yo nan menm w: adrès imèl, nimewo telefòn, prenon ak siyati w, dat nesans, ak sèks ou. Pa egzanp, lè w itilize fonksyonalite mesajri dirèk la pou kominike avèk pwofesyonèl swen sante w, oswa lè w itilize Sèvis nou yon lòt jan, ou ka chwazi bay kèk enfòmasyon sansib sou sante w, tankou si w genyen oswa pa genyen VIH, medikaman yo preskri w, randevou, rezilta laboratwa, ak tès kesyon ak repons ki gen rapò ak sante. Nou defini enfòmasyon sa yo tankou Enfòmasyon Sante Pwoteje (Protected Health Information, “PHI”) nan kad Lwa 1996 sou Transferabilite ak Responsablite Asirans Sante ak Enfòmasyon Pèsonèl ki defini nan dokiman sa a.

b. Enfòmasyon Ki Pa Pèsonèl

Enfòmasyon Ki Pa Pèsonèl se enfòmasyon ki pa idantifye w, men ki bay yon lide sou fason w itilize Platfòm lan ak Sèvis nou yo. Enfòmasyon Ki Pa Pèsonèl se sa ki kreye atravè fason w itilize Platfòm lan. Nou kolekte enfòmasyon sou aktivite diferan itilizatè Platfòm lan, li gen ladan l, men li pa limite ak, enfòmasyon sou koneksyon entènèt, enfòmasyon sou ekipman òdinatè, presizyon sou navigatè entènèt, sit entènèt ou te vizite anvan w vin sou Platfòm nou an, sit entènèt ou te vizite lè w soti sou Platfòm lan. Epi, lòt enfòmasyon ki menm jan konsènan trafik ak fason ou itilize l, atravè Platfòm lan, ak lè w pa sou li, enfòmasyon ou pibliye oswa ou soumèt sou Platfòm lan, ak aktivite sou dosye w ajoute.

Lè nou kolekte Enfòmasyon Ki Pa Pèsonèl li ka gen ladan l “Done Jounal”. Lè nou di Done Jounal nou vle pale sou kèk enfòmasyon konsènan fason yon itilizatè itilize Sèvis yo. Done Jounal la ka gen ladan l paj ak fonksyonalite ki sou Platfòm lan yon itilizatè te rantre, epi tan li pase sou paj oswa fonksyonalite sa yo, valè fwa li itilize Platfòm ak Sèvis yo, tèm li chèche. Epitou, lyen sou Platfòm nou an itilizatè a te peze oswa te itilize, ak sa ki gen rapò ak tan l pase. Li gen ladan l fason nou detèmine aksyon ak aktivite ki fèt sou Platfòm lan, Administratè, Manm, oswa Pwofesyonèl Swen Sante a triye.

Selon kalite itilizatè a, nou kolekte epi itilize kèk Enfòmasyon ki Pa Pèsonèl.

• Pou Administratè yo, nou detèmine kantite tan manm yo gade tablodbò a, sistèm pou konekte, ak aktivite mesaj.

• Pou Manm yo, nou kalkile pousantaj repons pou kontwòl ki fèt chak jou, aktivite kominote a pibliye, lansman aplikasyon, ak detay sou aktivite mesaj.

• Pou Pwofesyonèl Swen Sante yo, nou detèmine kantite tan manm yo gade tablodbò a, sistèm pou konekte, ak aktivite mesaj.

Nou ka ba ou opsyon pou resevwa notifikasyon push (pouch) pandan w ap itilize Sèvis nou yo. Pou w kapab sèvi ak notifikasyon push la, nou ka kolekte adrès IP w ak yon idantifyan pèsistan ki sou aparèy ou. Ou kapab dezaktive notifikasyon push lan sou paramèt aparèy ou a.

Nou itilize zouti pou kolekte enfòmasyon otomatik, tankou kouki ak piksèl espyon, pou kolekte kèk kalite Enfòmasyon ki Pa Pèsonèl. Ou kapab konfigire navigatè ou a pou rejte kouki yo, men li ka limite fason w itilize kèk avantaj pou fonksyonalite ki nan Sèvis yo.

c. Enfòmasyon sou Jewolokalizasyon

Lè w telechaje Aplikasyon an epi enstale l sou aparèy mobil ou, epi/oswa ou asosye l ak aparèy enfòmatik ki asosye, ou rekonèt Aplikasyon an ap gen aksè ak fonksyonalite Sistèm Pozisyon Global (“GPS”) ki sou aparèy mobil ou. Apresa, Aplikasyon an pataje enfòmasyon GPS la avèk aparèy enfòmatik ki asosye ak lojisyèl ki estoke done anliy ak sistèm yo. Enfòmasyon sou Jewolokalizasyon nou kolekte ak pataj enfòmasyon GPS ki fèt apresa aktive fonksyonalite ki se baz Aplikasyon an. Lè nou pa resevwa enfòmasyon sou jewolokalizasyon ki soti sou aparèy mobil ou a, Aplikasyon an p ap byen fonksyone. Ou ka chwazi ba nou aksè ak pozisyon w lè w bay Aplikasyon an aksè ak pozisyon w lè w itilize "kòmann envitasyon", oswa atravè paramèt sèvis lokalizasyon aparèy ou a. Ou ka modifye paramèt sa yo sou aparèy ou a, men li ka gen yon enpak sou itilizasyon ak aksè pou Sèvis yo.

d. Sèvis Rezo Sosyal ki se yon Twazyèm Pati.

Si ou chwazi gen aksè, vizite, epi/oswa itilize sèvis nenpòt rezo sosyal ki se yon twazyèm pati li ka entegre avèk Platfòm nou an, nou ka resevwa Enfòmasyon Pèsonèl ou ak lòt enfòmasyon sou ou ak òdinatè w, mobil, oswa lòt aparèy ou mete disponib pou sèvis rezo sosyal sa yo, li gen ladan l enfòmasyon sou kontak ou yo atravè sèvis sa yo. Pa egzanp, gen kèk sèvis rezo sosyal ki pèmèt ou voye kontni ki sou Platfòm nou an bay kontak ou, oswa pran enfòmasyon sou kontak ou yo, konsa ou kapab konekte avèk yo sou Platfòm nou an oswa atravè l. Gen kèk sèvis rezo sosyal k ap pèmèt ou enskri pi fasil, oswa amelyore, oswa pèsonalize eksperyans ou sou Platfòm nou an tou. Se ou ki pou pran desizyon itilize yon sèvis rezo sosyal ki konekte avèk Platfòm la si w vle. Sepandan, ou dwe asire w ou dakò avèk enfòmasyon sèvis rezo sosyal ki se twazyèm pati ou a ka mete disponib pandan ou ap egzaminen politik konfidansyalite founisè sa yo, epi/oswa lè w modifye paramèt konfidansyalite ou yo dirèkteman avèk sit oswa sèvis rezo sosyal sa yo.

Nou rele Enfòmasyon Pèsonèl ak Enfòmasyon ki Pa Pèsonèl yon fason jeneral “Enfòmasyon”.

3. Fason nou itilize Enfòmasyon

Nou itilize Enfòmasyon Ki Pa Pèsonèl pou kolekte enfòmasyon apati yon pakou klik (clickstream), piksèl entènèt, ak kouki pou konsève preferans ou, amelyore navigasyon sou sit entènèt la, kreye fonksyonalite pèsonalize ak lòt sèvis ki disponib pou ou. Li pèmèt nou kreye enfòmasyon estatistik, kontwole epi analize trafik itilizatè ak modèl itilizasyon, kontwole ak anpeche fwod, mennen ankèt pou plent ak potansyèl vyolasyon politik nou yo. Epitou, li pèmèt nou amelyore kontni ak pwodui, sèvis, ak lòt materyèl nou dekri oswa nou mete disponib atravè Platfòm lan, epi li ede nou administre ak amelyore Platfòm lan.

Nou ka idantifye w apati Enfòmasyon Pèsonèl ou epi konbine oswa melanje Enfòmasyon Pèsonèl ak Enfòmasyon ki Pa Pèsonèl. Sof si nou pa gen otorizasyon pou sa, nou ka itilize Enfòmasyon nou kolekte sou ou pou objektif legal biznis la k ap pèmèt nou ofri w Sèvis, li gen ladan l, men li pa limite ak:

• reponn demann ou epi bay itilizatè yo sipò:

• evalye ak amelyore kontni pou Sèvis nou yo;

• pèsonalize Sèvis yo dapre preferans ou yo;

• etabli kont pou itilize Sèvis yo;

• pataje enfòmasyon avèk ou (si ou pa t di sa ou pito);

• pou verifye estati kont ou, epi kenbe dosye sou aktivite ou yo konekte avèk itilizasyon Platfòm la;

• fè w konnen si gen nenpòt chanjman enpòtan nan akò oswa politik yo;

• pou fè aplike akò, tèm, kondisyon, ak politik yo;

• pou travay avèk founisè sèvis ki bay kèk fonksyon oswa sèvis biznis nan non nou, epi ki gen angajman apati obligasyon kontra a ki mache avèk Politik Konfidansyalite sa a;

• pou anpeche oswa mennen ankèt sou fwod (oswa pou risk ki gen rapò ak jesyon);

• pou reponn ak obligasyon jiridik, lòd tribinal, oswa pou egzèse kontestasyon legal oswa pou defann nou kont kontestasyon legal;

• pou fè analiz an gwoup oswa rechèch, epi devlope entelijans komèsyal ki pèmèt nou amelyore, pwoteje, pran desizyon eklere epi fè rapò pèfòmans Sèvis nou yo; epi

• aksepte non itilizatè, imèl, modpas, epi/oswa lòt idantifyan koneksyon.

Anplis, nou ka itilize founisè imèl ki se yon twazyèm pati pou voye enfòmasyon pou ou. Se yon pwogram imèl ki soti nan yon lis. Si ou pa vle resevwa enfòmasyon imèl sa a voye, ou ka retire imèl ou pou pa resevwa enfòmasyon sou li apati lyen “dezabòne” oswa pandan w ap kontakte nou sou https://wht.care/contact.

Detanzantan, nou ka envite w patisipe nan sondaj anliy. Enfòmasyon ki nan sondaj sa yo ka gen ladan l, men li pa limite ak, opinyon, kwayans, apèsi, lide, aktivite ak eksperyans ou an jeneral. Nou itilize enfòmasyon nou kolekte nan sondaj sa yo pou chèche sa k ap mache, devlope konpayi a, bezwen kominote a, elatriye. Done ou yo ap ede nou amelyore eksperyans kliyan, epi mete sou pye devlopman pwodui ak Sèvis nou yo.

Gen kèk jiridiksyon ki ka bay itilizatè a dwa pou li “soti” nan lavant Enfòmasyon Pèsonèl li yo. Pou soti, voye yon imèl pou nou nan support@wht.care.

4. Fason Nou Pataje Enfòmasyon

Nou pa vann oswa lwe Enfòmasyon Pèsonèl. Sepandan, nou ka pataje Enfòmasyon avèk pati sa yo dapre konsantman eksplisit ak dapre obligasyon kontraktyèl ki aplikab:

• Antrepriz afilye, li gen ladan l sosyete ki responsab nou, filyal, lòt antite ki afilye, ak asosye ki afilye nan objektif ki dekri nan Politik Konfidansyalite sa a, epi ki mande pou trete enfòmasyon dapre Politik Konfidansyalite sa a;

• Founisè Sèvis k ap ede nou administre epi travay sou Platfòm lan (pa egzanp, konpayi ki resevwa sit entènèt ki se sèvis nou itilize pou mete platfòm nou an). Twazyèm pati ki se founisè sèvis sa yo gen aksè ak Enfòmasyon Pèsonèl ou, sèlman nan objektif pou yo ofri sèvis nan non nou. Nou te konkli yon relasyon kontraktyèl avèk founisè sèvis sa yo, epi yo gen obligasyon pou respekte tout enfòmasyon ki aplikab pou lwa ak regilasyon konfidansyalite, epi yo dwe itilize Enfòmasyon ou sèlman nan objektif yo te divilge. Nou egzije pou nenpòt founisè sèvis ki se twazyèm pati pou yo limite enfòmasyon yo sèlman pou founi nou sèvis. Epitou, yo dwe kenbe konfidansyalite, sekirite, ak entegrite enfòmasyon ou, epi yo pa dwe itilize oswa divilge enfòmasyon ki pa otorize.

• Twazyèm pati otorize, se pati ou dirèkteman otorize pou resevwa Enfòmasyon ki aplikab, tankou lè ou itilize yon founisè aplikasyon ki se yon twazyèm pati pou gen aksè ak kont ou, oswa lè w otorize pwofesyonèl swen sante pou gen aksè ak enfòmasyon w. Se twazyèm pati otorize a, daprè politik konfidansyalite l, ki pral detèmine fason yo itilize enfòmasyon ou.

• Twazyèm pati yo nan ka kote gen nenpòt reyòganizasyon, fizyon, lavant, antrepriz ki mete ansanm, antrepriz ki kanpe, oswa lòt dispozisyon nan tout oswa nan yon pati biznis nou, aktif oswa aksyon (li gen ladan l sa ki gen rapò ak fayit oswa pwosedi ki pase menm jan), nan ka sa a n ap mande moun k ap resevwa enfòmasyon yo pou l itilize yo dapre Politik Konfidansyalite sa a;

• Jan nou kwè li nesesè: (1) dapre lwa ki aplikab; (2) pou aplike lwa ak kondisyon ki aplikab; (3) pou pwoteje dwa, konfidansyalite, sekirite oswa byen, epi/oswa filyal nou yo, ou menm, oswa lòt moun; (4) pou detekte, prevwa oswa pou lite kont fwod yon lòt jan, pwoblèm sekirite ak teknik; (5) pou reponn ak demann enfòmasyon pou kontakte (pa egzanp, non, adrès imèl, elatriye) yon twazyèm pati pibliye, oswa bay san konsantman oswa ki fèt sou fòm asèlman, epi (6) pou reponn ak demann tribinal, ajans pou ranfòse lalwa, ajans k ap mete kontwòl, ak lòt otorite piblik ak gouvènman, ki ka gen ladan l otorite ki pa nan peyi ou ap viv la;

5. Enfòmasyon Sekirite

Warm Health Technology, Inc. bay sekirite ak konfidansyalite Enfòmasyon w, sitou Enfòmasyon Pèsonèl ou, anpil enpòtans. Nou pran mezi rezonab sou entènèt ak lè nou pa sou entènèt pou pwoteje Enfòmasyon Pèsonèl ou ba nou, li gen ladan l resevwa ak transmèt done atravè koneksyon ki kripte ak sekirize. Nou mete sou pye sekirite teknik, administratif, ak fizik, ki fèt pou pwoteje enfòmasyon w kont itilizasyon ak aksè ki pa otorize. Pa egzanp, pou w gen aksè ak Platfòm lan li mande pou konekte avèk siksè sou kont yon Administratè te kreye, epi w ap dekonekte yon fason otomatik sou Platfòm lan si li fèmen, oswa li pa disponib (pa egzanp, janbe sou lòt aplikasyon, telefòn ki fèmen, batri ki dichaj, mòd somèy). Mesaj notifikasyon push pou telefòn afiche anons jenerik pou kenbe enfòmasyon w prive ak konfidansyèl. Administratè yo fikse epi relanse modpas pou itilizatè Platfòm lan. Modpas la dwe gen 8 karaktè pou pi piti. Modpas la dwe long, nou ankouraje w itilize karaktè espesyal men li pa obligatwa. Administratè Platfòm lan kapab kreye modpas ki pi konplike ak règleman pou modpas selon li menm.

Pratik sekirite ki mande pridans fè nou pa kapab divilge pwosedi yo an detay. Si ou gen nenpòt kesyon konsènan sekirite sou Platfòm nou an, oswa si w okouran y ap itilize nenpòt kont yon fason ki pa otorize, ou pèdi aksè ak kont ou, oswa w sispèk yon vyolasyon sekirite, fè nou konn sa tousuit pa imèl nan support@wht.care. Si gen yon vyolasyon nan sistèm sekirite nou an, n ap avèti w sou vyolasyon an nan limit lalwa egzije l.

6. Fason nou Konsève Enfòmasyon

Nou konsève Enfòmasyon Pèsonèl nou resevwa yo jan li dekri nan Politik Konfidansyalite sa a toutotan ou ap itilize Sèvis nou yo, oswa toutotan li nesesè pou ranpli objektif ki se te kolekte, ofri Sèvis, rezoud diskisyon, etabli defans jiridik, fè odit, reyalize objektif komèsyal ki legal, respekte antant nou yo, epi respekte lwa ki aplikab yo.

7. Lyen pou Sit Entènèt Twazyèm Pati

Platfòm lan ka gen lyen lòt sit kote se pa nou k ap jere yo. Si ou klike sou lyen yon twazyèm pati, y ap voye w sou sit twazyèm pati sa a. Lyen sa yo pa vle di nou bay apwobasyon pou lòt sit entènèt, kontni, oswa sèvis, oswa moun oswa antite ki asosye avèk sit entènèt sa yo. Politik Konfidansyalite sa a pa aplike ak sit entènèt twazyèm pati yo. Nou pa gen kontwòl, epi nou pa asime okenn responsabilite pou, kontni, politik konfidansyalite, oswa pratik nenpòt sit oswa sèvis. Nou ankouraje w pou egzaminen politik konfidansyalite ak kondisyon pou sit entènèt tout twazyèm pati oswa sèvis ou ka vizite.

8. Konfidansyalite pou Timoun

Nou p ap vann pwodui oswa sèvis pou okenn moun ki gen pi piti pase trèz (13) lane. Dapre Lwa sou Pwoteksyon Vi Prive Timoun Sou Entènèt (“Children Online Privacy Protection Act, COPPA”), nou p ap janm fè demann oswa mande yon fason ki volontè Enfòmasyon Pèsonèl nan men nenpòt moun ki gen pi piti pase trèz (13) lane san konsantman paran l. Nan ka kote nou vin konnen nou kolekte Enfòmasyon Pèsonèl konsa, san konsantman ak verifikasyon paran ki obligatwa, n ap efase enfòmasyon sa yo sou baz done nou pi vit nou kapab. Si ou sispèk, oswa ou konnen nou jwenn Enfòmasyon Pèsonèl nan men nenpòt moun ki gen pi piti pase trèz (13) lane, tanpri fè nou konnen sa tousuit nan support@wht.care, konsa nou kapab efase enfòmasyon sa yo. Nou gen dwa pou nou mande prèv pou laj nan nenpòt etap, konsa nou kapab verifye minè p ap itilize Sèvis yo.

9. Dwa sou Konfidansyalite nan California

Seksyon 1798.83 nan Kòd Sivil California otorize rezidan California pou yo mande epi pou yo jwenn yon lis ki bay Enfòmasyon Pèsonèl (si genyen) nou divilge bay twazyèm pati yo pou objektif maketing dirèk, nan ane sivil ki vini anvan an, epi li dwe gen non ak adrès twazyèm pati sa yo. Demann sa ka fèt sèlman yon fwa pa ane epi pa gen frè pou li. Dapre Seksyon 1798.83, rezidan California kapab fè demann epi resevwa enfòmasyon sa yo, pandan l ap voye yon imèl nan support@wht.care.

10. Chanjman nan Politik Konfidansyalite a

Nou rezève nou dwa pou modifye epi fè mizajou nan Politik Konfidansyalite sa a nenpòt kilè pandan n ap pibliye yon vèsyon deklarasyon ki modifye sou Platfòm nou an. Tanpri gade Politik Konfidansyalite sa a yon fason regilye. Si nan nenpòt moman nou deside itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou yon fason ki diferan ak jan nou te di lè nou tap kolekte l, nou ap avèti w swa sou panèl paj akèy Platfòm lan, oswa pa imèl.

11. Fason pou Kontakte Nou

Pwoteksyon enfòmasyon prive w enpòtan anpil pou nou, ou dwe toujou soumèt enkyetid konsènan Politik Konfidansyalite nou an sou paj pou kontakte nou. Nou ap fè tout efò pou reponn ak tout enkyetid ak demann ki rezonab byen rapid.

Si w gen nenpòt kesyon oswa kòmantè konsènan Politik Konfidansyalite nou an, tanpri kontakte nou nan:

Pa imèl: support@wht.care

Sou sit entènèt: https://wht.care/contact

Mo senbòl ak logo PL Cares anrejistre kòm mak depoze Warm Health Technology, Inc nan Etazini.